Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Sòm 72:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Mòn yo va pote lapè a pèp la, e kolin yo, fwi ladwati a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. P'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.

Gade chapit la



Sòm 72:3
13 Referans Kwoze  

Patiraj nan dezè yo gen abondans, Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.


Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a, fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo. Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.


Degoute depi anwo, O syèl yo, e kite nwaj yo vide fè ladwati desann. Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi, pou fè ladwati vòltije monte avè l. Mwen, SENYÈ a te kreye l.


A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la, ki anonse lapè, ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, ki anonse Sali, ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”


Olye bwonz, Mwen va pote lò; olye fè, Mwen va pote ajan; olye bwa, Mwen va pote bwonz e olye wòch, Mwen va pote fè. Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou e ladwati kon konseye ou.


“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.


Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. Nan kolin yo, se lèt ki va koule; tout ravin nan Juda va gen dlo, epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a pou awoze vale a Sittim nan.