Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.
Sòm 71:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske Lènmi m yo te pale kont mwen. Sila k ap veye pou pran lavi m yo ap pran konsèy ansanm, 1998 Haïtienne Lènmi m yo ap pale m mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m. |
Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an.
Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.
Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:
Paske mwen konn tande kout lang anpil moun, laperèz toupatou. Yo pran konsèy ansanm kont mwen. Yo te fè konplo pou rache lavi m.
Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san, annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;
Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”
Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.
Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.”