Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Sòm 69:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an. 1998 Haïtienne (4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m yo ap boule m sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an. |
Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.
Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.
Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. Mwen plenyen kon yon toutrèl. Zye m gade ak feblès vè wotè yo. O Senyè, mwen oprime! Fè m sekou!
Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”
“Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.
Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.