Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Sòm 69:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Mwen desann fon nan labou. Nanpwen plas pou pye m kenbe. Mwen fin rive nan dlo fon yo, e yon gwo inondasyon ap debòde sou mwen.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

(3) M'ap desann nan fon yon m'a labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.

Gade chapit la



Sòm 69:2
11 Referans Kwoze  

oswa se fènwa pou ou pa kab wè ak anpil dlo ki kouvri ou.


Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, nan yon lè ke Ou toujou disponib. Anverite, nan gran flèv dlo yo, yo p ap kab rive kote Li ankò.


Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.


Alò, gade byen, tout fanm ki te rete nan palè wa Juda a, va mennen deyò kote prens a wa Babylone yo; epi fanm sa yo va di: “Pwòch zanmi ou yo te egare ou e te vin domine sou ou; pandan pye ou te kole nan labou a, yo te vire kite ou.”


Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.


Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo. Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan, men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la, O SENYÈ Bondye mwen an!


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch.