Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Sòm 67:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——

Gade chapit la

1998 Haïtienne

(2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,

Gade chapit la



Sòm 67:1
15 Referans Kwoze  

Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.


Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a. Devni bèje yo tou, e bay yo soutyen jis pou tout tan.


Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a. Sove mwen nan lanmou dous Ou a.


Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.


Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!


O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou.


Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël.


O SENYÈ dezame yo, restore nou. Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.


O Bondye dèzame yo, restore nou! Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.


Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.


Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.


Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.


Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone.