Paske, gade byen, mechan yo koube banza, Yo fè flèch yo parèt sou kòd la, pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.
Sòm 64:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo, 1998 Haïtienne (4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki sòti nan bouch yo se pwazon. |
Paske, gade byen, mechan yo koube banza, Yo fè flèch yo parèt sou kòd la, pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.
Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.
Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè. Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.
Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.
“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.