Sòm 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a. 1998 Haïtienne (5) Tounen vin delivre m non, Senyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m mouri. |
Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò, zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
Pou konbyen de tan mwen va oblije depann sou pwòp konsèy tèt mwen, ak tristès nan kè m tout lajounen? Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, nan yon lè ki bon, nan grandè lanmou dous Ou a. Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
Konbyen de tan, O Bondye, advèsè a va moke nou ak mo brile? Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?
Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va rete fache nèt? Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?
O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a, nou sipliye Ou, souple. Gade soti anwo nan syèl la pou wè, e okipe pye rezen sila a.
Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.
Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou.
Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’
Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.