“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Sòm 59:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen; Plase mwen byen wo an sekirite byen lwen de sila ki leve kont mwen yo. 1998 Haïtienne (2) Delivre m anba lènmi m yo, Bondye mwen! Pwoteje m pou moun k'ap leve dèyè m yo pa jwenn mwen! |
“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.
Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la! Ke non Bondye Jacob la kapab kenbe ou ansekirite an wo!
Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.
Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo, Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,
Paske li te renmen M konsa, pou sa, Mwen va delivre li. Mwen va mete li byen solid an wo, akoz li te rekonèt non Mwen.
Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.