Paske wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.
Sòm 48:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Avèk van lès la, Ou te kraze bato Tarsis yo. 1998 Haïtienne (8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. |
Paske wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.
Josaphat te fè bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber.
Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife.
Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an, Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m. Yo p ap wè figi M.