Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
Sòm 42:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an. 1998 Haïtienne (6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: — Poukisa m kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m? M'ap met espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen. |
Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L.
Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen. Mwen te koube ak gwo tristès, tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen? Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò, O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.
Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.
Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
Konsa, nou va chante tankou nan lannwit la, tankou lè nou rete nan fèt ak kè kontan, tankou lè yon moun ap mache sou son a flit, pou ale nan mòn SENYÈ a, Wòch Israël la.
Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.
“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.
Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.
Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”
Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.