Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.
Sòm 41:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv. Li va rele beni sou latè a. Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo. 1998 Haïtienne (3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri. L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l nan men lènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l. |
Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.
Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo.
Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.
Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te pran enterè nan ou yo kapab beni!” Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.”