Sòm 40:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye. 1998 Haïtienne (4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a. |
Mennen nanm mwen sòti nan prizon, pou m kab bay remèsiman a non Ou. Moun ladwati mwen yo va antoure mwen, paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye; Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,
Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.
Kite sila ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.
Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.
Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karant-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.