Sòm 39:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Rete touman Ou sou mwen. Kou men Ou venk mwen. M ap peri. 1998 Haïtienne (11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m. Mwen prèt pou m mouri anba kout fwèt ou yo. |
Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?” Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.
Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan
Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: ‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, e devan tout pèp la Mwen va onore.’” Konsa, Aaron te gade silans.
Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt Li kab lache men l sou nou.