Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.
Sòm 32:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou. 1998 Haïtienne Pa fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann. Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo. Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo. |
Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.
Se kilès ki kab retire pwotèj eksteyè li? Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?
“Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè: ‘Ou te fè m sibi chatiman. Mwen te sibi chatiman tankou yon jenn bèf ki poko fin donte. Mennen m pou m ka restore, paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.
“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”
Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.