Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.
Sòm 30:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen. 1998 Haïtienne (3) Senyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen. |
Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.
“Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a.
Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m, epi Ou mete mwen nan prezans Ou jis pou tout tan.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”