Sòm 27:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m. Fè m gras e reponn mwen. 1998 Haïtienne Senyè, tande m non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! |
Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.
Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m, ane mwen yo avèk soupi. Fòs mwen fin ale akoz inikite m. Kò mwen fin epwize.
Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.