Sòm 27:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch. 1998 Haïtienne Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li. L'a kache m byen fon nan Tanp li a. L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m. |
Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen.
Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.
Beni se SENYÈ a, paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a anvè mwen nan yon vil byen fò.
Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.
Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.
Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras, paske nanm mwen kache nan Ou. Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache, jiskaske destriksyon an fin pase.
Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a. Nan nwit, mwen te lonje men m san poze. Nanm mwen te refize rekonfòte.
Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.
O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.
Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.
Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
“O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.