Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li.
Sòm 27:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske papa m ak manman m te abandone mwen, Men SENYÈ a va ranmase mwen. 1998 Haïtienne Papa m ak manman m te mèt lage m, Senyè a va ranmase mwen. |
Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li.
Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.
Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.
Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
Jésus te tande ke yo te mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”
Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.