Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante. Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
Sòm 16:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje. 1998 Haïtienne Se poutèt sa, kè m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye. |
Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante. Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
“Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”
Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj. Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,