Sòm 142:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen. 1998 Haïtienne (7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m anba men moun k'ap pèsekite m yo, paske yo pi fò pase m. |
ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen. Li fin kraze lavi m jis rive atè. Li te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.
Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.
Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
Li te delivre mwen nan men advèsè mwen byen fò; de sila yo ki te rayi mwen yo, paske yo te twò fò pou mwen.
Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè ta chanje e malgre mòn yo ta chape antre nan fon lanmè.
Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m. Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo, pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt.
Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”
Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis.
Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?