Sòm 136:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 1998 Haïtienne Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! |
Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.
O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil! Nan sajès, Ou te fè tout bagay. Latè ranpli ak byen Ou yo.
Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
“Sila ki te fè latè a ak fòs pouvwa Li a, ki te etabli lemonn ak sajès Li, e ak bon konprann Li, te etabli syèl yo.