Sòm 135:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo. 1998 Haïtienne Mwen konnen Senyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo. |
Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
“Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.
Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”
“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.