Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach. Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.
Sòm 112:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li p ap krent move nouvèl. Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a. 1998 Haïtienne Kè l p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a. |
Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach. Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.
Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen, epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.
Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.
Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a.
Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”
Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an.