Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.” Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.
Sòm 103:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ki padone tout inikite ou yo, ki geri tout maladi ou yo, 1998 Haïtienne Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. |
Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.” Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri.
Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila ki rele sou non Ou yo.
Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”
Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. Li te kraze pou inikite nou yo. Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt! Sove mwen e mwen va sove! Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.
Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,
Konsa, priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone.