Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo.
Sòm 102:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kè m fin frape tankou zèb. Li fennen nèt. Anverite, mwen bliye manje pen mwen. 1998 Haïtienne (5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje. |
Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo.
Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan nan, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo.
“Mwen rayi pwòp lavi m; mwen va fè tout fòs plent mwen yo parèt. Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.
Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.
Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, depi souf SENYÈ a soufle sou li. Anverite, pèp la se zèb.