Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.
Sofoni 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a. 1998 Haïtienne Yo pat koute Senyè a. Yo pat pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pat mete konfyans yo nan Senyè a ankò, yo pat vin mande Bondye yo a konsèy ankò. |
Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.
Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.”
Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen, Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
Se ki bo nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.
Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,
Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, ki depann de cheval yo, ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la, ni chache SENYÈ a!
Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje.
“Sa se tiraj osò pa nou, pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, “akoz nou te bliye Mwen e te mete konfyans nan sa ki fo.
“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
Mwen te pale ak ou nan pwosperite, men ou te di: ‘Mwen p ap koute’! Konsa abitid ou depi nan jenès ou, ke ou te refize obeyi lavwa M.
Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an.
“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: “Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a.
“Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”
O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
“‘“Nan salte ou a se tout zak ki lèd yo. Akoz mwen ta netwaye ou, malgre sa, ou pa pwòp; ou p ap vin pwòp de salte ou yo jiskaske Mwen fè chalè kòlè Mwen an sou ou poze.
sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati.
annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.