Alò pye koton swa yo avèk lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen.
Rit 2:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li. 1998 Haïtienne Se konsa, Rit rete ansanm avèk medam k'ap travay ak Bòz yo. Li t'ap ranmase tèt lòj jouk travayè yo te fin rekòlte tout lòj la ak tout ble a. Li t'ap viv tout tan sa a ak bèlmè li toujou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa, Rit te rete travay bò kote medam sèvant Bowaz yo jiskaske rekòt lòj la te fin i. Li te kontinye travay pou rekòt fwoman an tou. Pandan tan sa a, li te kontinye ap viv ansanm ak bèlmè li. |
Alò pye koton swa yo avèk lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen.
“Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.
Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem nan kòmansman rekòlt lòj la.
Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.”
Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou?