Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.
Rit 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò Naomi te gen yon fanmi pwòch a mari li, yon nonm avèk anpil richès, ki sòti nan fanmi Élimélec, ki te rele Boaz. 1998 Haïtienne Nawomi te gen yon fanmi mari li yo rele Bòz. Se te yon nonm rich. Yo te konsidere li anpil. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Nawomi. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nawomi te gen yon pwòch fanmi mari li yo te rele Bowaz. Bowaz te sòti nan menm fanmi ak Elimelèk. Et se te yon nonm rich. |
Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.
Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.
Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran, e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.
Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.” Epi li te di l: “Ale fi mwen.”
Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a.