Pwovèb 9:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li voye demwazèl li yo deyò, li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo: 1998 Haïtienne Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo: |
Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:
Pou sa, ale nan gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
“Pou rezon sa, sajès a Bondye te di: “Mwen va voye bay yo pwofèt ak apòt. Kèk yo va touye, e kèk yo va pèsekite;
Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’
Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.
Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!
Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay bèl yo!”