Pwovèb 8:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la, lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a, 1998 Haïtienne Mwen te la lè li t'ap mete syèl la nan plas li, lè li t'ap trase liny kote syèl la kontre ak latè a. |
A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.
Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm.
Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan.