Pwovèb 8:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li; menm avan zèv ansyen Li yo. 1998 Haïtienne Senyè a te fè m lè li te fenk konmanse ak plan travay li. Li te fè m lontan lontan anvan tout bagay. |
O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil! Nan sajès, Ou te fè tout bagay. Latè ranpli ak byen Ou yo.
Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
“A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa: