Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 7:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lakay li nan wout Sejou mò yo, k ap desann nan chanm lanmò yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.

Gade chapit la



Pwovèb 7:27
8 Referans Kwoze  

Pye li yo desann vè lanmò e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.


ki t ap pase nan lari a toupre kwen kay fanm nan. Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,


Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. Vizitè li yo la. Yo nan fon Sejou mò yo.


Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.


ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.


Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.