Pwovèb 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo. Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo. 1998 Haïtienne Mwen te gen pou m ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an. |
Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.