Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 7:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Epi gade, yon fanm vin pwoche li abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l dèyè tèt li.

Gade chapit la



Pwovèb 7:10
11 Referans Kwoze  

Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”


Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?” Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”


Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.


Anverite, li kache veye tankou vòlè, pou l ogmante enfidelite pami lòm.


Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou.


Ou menm, O sila ki dezole a, se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou.


Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè,