Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.
Pwovèb 6:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm; li p ap fè gras nan jou vanjans lan. 1998 Haïtienne Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l. |
Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.
Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a.
Gade byen, Mwen va fè Mèdes leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo.
“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.
si yon espri jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li,