Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo, e pale li pi dous pase lwil;

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.

Gade chapit la



Pwovèb 5:3
10 Referans Kwoze  

Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.


Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a, soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;


Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon; sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.


Paske poukisa fis mwen an, ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè, e anbrase lestonmak a yon etranje?


pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a, a lang glise de fanm adiltè a.


Ak anpil ankourajman, li atire li; avèk lèv a flatè, li sedwi li.


Pou li kab anpeche ou ale jwenn ak yon fanm adiltè; yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.


Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.


Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; siwo myèl ak lèt anba lang ou. Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.