Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 5:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan, kite tete li yo satisfè ou tout tan. Rete debòde nèt ak lanmou li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lanmou ak li.

Gade chapit la



Pwovèb 5:19
8 Referans Kwoze  

Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”


Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.


Paske poukisa fis mwen an, ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè, e anbrase lestonmak a yon etranje?


Jiskaske joune a vin fè fre lè lonbraj yo kouri ale; vire, cheri mwen an, fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.


Cheri mwen an tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf. Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an; l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.


De tete ou tankou de jèn ti antilòp; jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.


De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp, jimo a yon antilòp.


Annou pati, cheri mwen an! Fè tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.