Pwovèb 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mete valè li wo e li va fè ou leve; li va bay ou onè si ou anbrase l. 1998 Haïtienne Renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l, pa lage l. L'a fè yo respekte ou. |
Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.