Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!
Pwovèb 30:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen pa t aprann sajès, ni mwen pa gen konesans a Sila Ki Sen an. 1998 Haïtienne Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye. |
Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!
Sòti nan wout la, vire sou kote chemen an. Pa kite nou tande menm ankò afè a Sila Ki Sen an Israël la.”
Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”
Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”
Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.
“E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.
O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:
Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”