Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 3:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.

Gade chapit la



Pwovèb 3:29
11 Referans Kwoze  

Paske yo pa pale lapè, men yo divize pawòl nan twonpe sila ki kalm nan peyi yo.


Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a. Li te vyole akò li a.


Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m. Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo, pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.


Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.


ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.


Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,


Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’


Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.