Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
Pwovèb 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, ni rayi repwòch Li, 1998 Haïtienne Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. |
Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
“Gade byen kijan nonm ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje.
Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.