Pwovèb 26:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Akoz mank bwa, dife a etenn; lè ti koze sispann, rayisman vin kalme. 1998 Haïtienne Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont. |
Mete moun k ap moke moun yo deyò, e diskisyon an prale tou; wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan, vin tankou bèl ti mòso delika. Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
“‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.
Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay. Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti!
Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.