Pwovèb 23:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Koute papa ou ki te fè ou a, e pa meprize manman ou lè l vin granmoun. 1998 Haïtienne Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun. |
“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.
“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
“‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’