Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
Pwovèb 23:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anverite, gen davni, e espwa ou p ap anile. 1998 Haïtienne Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan. |
Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
Byen remake nonm san tò a, epi gade byen nonm ladwati a, paske nonm lapè a va gen posterite.
pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo. Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”
Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan, ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou; si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
“Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.
Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.