Pwovèb 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li mete sajès nan depo pou moun dwat la. Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo, 1998 Haïtienne Lè yon moun mache dwat, Senyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l. |
Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.
Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
Paske sa ekri: “Mwen va detwi sajès a saj yo, e entèlijans moun save yo, mwen va mete sou kote.”
Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye.
Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.