Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Pwovèb 19:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki atake papa li e chase manman l ale, se yon fis ki fè wont ak dega patou. 1998 Haïtienne Se yon wont, se yon dezònè pou yon pitit aji mal ak papa l, osinon pou l mete manman l deyò lakay li. |
Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont.
Yon sèvitè ki aji avèk sajès va renye sou yon fis ki aji ak wont; li va pataje eritaj la pami frè yo.
Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
Sila ki vòlè papa li oswa manman l epi di: “Sa pa yon transgresyon”, se parèy ak yon moun ki detwi.
Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; men sila ki fè zanmi ak moun voras fè papa l wont.
“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.
Men lè fis sila a te vini, li menm ki devorebyen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.