“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Pwovèb 18:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li. 1998 Haïtienne Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn. |
“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Mwen kreye fwi a lèv yo: “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo, ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri yo.”
Nou te raboure mechanste; nou te rekòlte lenjistis. Nou te manje fwi manti a, akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, nan fòs kantite gèrye pisan nou yo.
Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?
Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.
Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo,