Pwovèb 17:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a. 1998 Haïtienne Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l, se gwo lapenn pou manman l ki fè l. |
Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès; e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
Se yon fis plen foli k ap detwi papa l, e yon madanm k ap diskite a se tankou dlo kap degoute san rete.