Pwovèb 13:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans. 1998 Haïtienne Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l. Si ou renmen l, se pou ou korije l. |
Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, jis tankou yon papa konn korije fis nan sila li pran plezi a.
Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.