Pwovèb 12:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li. 1998 Haïtienne Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè. |
Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès, e bouch mwen ap ofri lwanj avèk lèv ranpli de jwa.
Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.
Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis, e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”; èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè? Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an? Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”
Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va limen yon dife nan forè li ki va devore tout ozanviwon li.’”
Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a, se konsa prèt la ye. Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo, e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.
“Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis,